Eske Ameriken se papa nou ?



octobre 12, 2021

Gen yon kesyon ke mwen ta renmen poze tout Ayisyen ki ape repete ke Ameriken responsab nan ensekirite a paske zam yo se zam ameriken fè ; e si yo te vle anpeche zam antre an Ayiti yo te ka anpeche li.

Se vre ke, si yo te vle, Ameriken te ka anpeche zam sa yo antre an Ayiti. Eske yo dwe fè li ? Eske se devwa yo ? sa depan…

Si Ameriken se papa nou, alòs se devwa yo pou yo anpeche zam antre nan peyi a. Se devwa yo pou yo resevwa tout Ayisyen a ki ape kouri kite peyi a. Se devwa yo pou yo itilize fòs yo, lajan yo, enfliyans yo pou yo fè eleksyon pase byen an Ayiti, veye pou nou gen bon lidè.

Si Ameriken pa papa nou alòs yo pa dwe nou anyen nan tout sa.

Si Ameriken se papa nou, alòs yo pa ka gen devwa sèlman, sa ba yo dwa tou. Dwa pou yo di nou kiyès ki pou dirije nou, kisa nou gen dwa fè ak pa gen dwa fè. Se dwa yo pou yo deside pou nou. Tout papa gen dwa sa yo.

Si Ameriken pa papa nou, alòs non, yo pa gen dwa pou yo deside pou nou, yo pa gen dwa di nou kiyès ki pou dirije nou. Nou se granmoun. Men yo pa gen devwa non plis pou yo veye sou nou, ni resevwa nou lè n’ap kouri kite peyi a, yo pa dwe nou anyen.

Fòk nou chwazi. Yo se papa nou oubyen yo pa papa nou.

Si yo pa papa nou, alòs se nou ki pou rezoud pwoblèm zam ki ape rantre nan peyi a. Se Ayisyen ki pou mouri pou fè bandi yo rete an repo. Se Ayisyen ki pou fè eleksyon yo pwòp : pa ranpli bwat bilten, pa fè magouy nan konte bilten, pa pran lajan oubyen plat-manje pou vote pou yon kandida.

A. J. Victor

ajvictor17@gmail.com



0 0 votes
Evaluation
S’abonner
Notification pour
0 Commentaires
Commentaires en ligne
Afficher tous les commentaires